• 114
  • 1
  • 0
  • 0
  • 0

Glwa & Rekonesans est une chanson qui fait éclater la gloire de Dieu.
Que tout ce qui respire loue l'Eternel ! Louez l'Eternel !

Titre :Glwa e Rekonesans
Verse 1
Depi wè Rj
Se Tankou’w te wè , le pè , le fis e le sen tespri
Paske nan kreyason’m la tout pwisans te fè yon sèl espri
Mwen son’w disip , sou pwomès biblik , mwen reprezante yon ti Jezi
Mwen oblije demake’m , sen tespri epate’m , kounya la se vi spirityel mwen
Gen de vwa mwen tande , e’m pran tan’m disène , Jezi Kris se santinèl mwen
Sou jenou’m mwen lite , wi devan’l mwen koube e’l se motè ki nan lavi mwen
Pa gen lot anko , lè’m nan pwoblè’m kap pase strès mwen
Mwen gen rezon pou’m louwe’l
Li toujou tande kri’m
Pou tout sa’k te panse’m fini
Kounya yap tande bri’m
Nan vi’m paka gen pwen final
Map ekri yon lot lign
Men’m pwop san’m ki tap likide’m
Tankou Jezi yo krisisye’l
Devan pilat yo souflete’l
Mwen rekonèt souverennte’l
Sinon li te k efase’n
Se li’k banm fos pou’m padone
Kounya se yo kap jwi’m
La glwa li kouvri
Tout mou ap aplodi’m
aaaaah
It’s Rj Gospel

Refrain
Louwanj , adorasyon li merite
Li merite , li merite
Respè , rekonesans li merite
Li merite , li merite ( Bis 2 )

Verse 2 ( Will )
Alelouya , men rekonesans
Senpleman pou mwen ba li reverans
Gras Bondye sou mwen map fè li konfyans
Pran konsyans , san Jezi’l pa fè sans
Chak jou nap bay louwanj
Pa gen lot bèl anbyans
Tankou David lè’l te danse devan ou kadans
Map tchèk sèvitè’ ap rap ak pwisans
Sen tespri sou mwen
Mwen kanpe avèk asurans
Mwen gen prestans , preche ak eksperyans
Levanjil li frappe Kè nenpot ki distans
Pagen distans , Bondye pa’m , li pa nan rans
satan panse li te k manyen’m
bonn chans

Refrain
Louwanj , adorasyon li merite
Li merite , li merite
Respè , rekonesans li merite
Li merite , li merite ( Bis 2 )
Verse 3

Anh
Mwen vle site non’m
Kite’m , kite’m , kite’m , kite’m
Ede’m site non’l
Jeziiiiiiiiiii
Si se glwa’l , map chante
Nan kè’m li grave non’l
Rekonesans , se pa lachte
Se sa’k fè l’aktive don’m
Li se mèt kap veye’m nan
Boss kap jere’m
Lè’m nan fè nwa kap guide’m
E lè’m tonbe kap leve’m
Kap banm kote pou’m mete pye’m
Lè fos fènwa vle devye’m nan
Annnnh
Sa se temwanyaj pa’m
Li se Bondye ki te sove’m
Lè 12 janvye ya te pase
Jodia fok mwen temwanye
Se li’k te fè’m pat trepase
Wi’m pase’m , pase
Nan figu ènmi an , m’tache , m’tache
Tout glwa pou Bondye
Pou lov map pèsevere
M’son sujè de glwa
Devan’l mwen pwotène
Pa gen lot ankor
Se li pou’n aklame
What
Pa gen lot ankor
Se li pou’n aklame

Refrain
Louwanj , adorasyon li merite
Li merite , li merite
Respè , rekonesans li merite
Li merite , li merite ( Bis 2 )

Récemment écouté par

0 commentaires
    Aucun commentaire trouvé

:: / ::
::
/ ::

Queue